Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Eskew konnen anpil paspò kap pèdi nan moman se konplisite ajans? Men rezon

Apre anpil konsta e anpil moun kap solisite nou, redaksyon Analyse Média kapab konfime gen anpil ajans kite gen dizon pou mete viza dominiken ak Mexique…pou kèk sitwayen Ayisyen ki deside teste yon lot metòd.

Metòd lan senp e sinik!!! Devan enkapasite ajans sa yo pou livre paspò ak tout viza yo touche pou yo a , vin n jwenn gwo presyon yap resevwa nan men mèt paspò yo depi lansman pwogram BIDEN nan, ebyen anpil ajans sa yo antre nan yon lojik jete paspò nan plizyè zone andedan peyi a.

Nou gen lis kèk ajans nap kontinye ankete sou yo ! 

Pil ak pakèt mesaj paspò pèdi kap sikile sou rezo yo se petèt prèv ki kapab konfime enfomasyon nou bay la pou kèk responsab ajans ki refize admèt verite a 

Yon lot bò, nou aprann kèk moun ki ranmase paspò yo sanble pa deside livre yo san yo pa resevwa lajan pa yo nan men ajans sa yo. Ki enstitisyon kap regilarize ajans vwayaj yo ? Ki lyen ajans yo genyen ak Direktè Imigrasyon e Ministè Touris?

Daprè sous nou ka fè konfyans, DCPJ gen anpil enfomasyon sou ajans kap ranmase lajan sou moun pou fè yo ale Bélize, Mexique, Turquie… e ki pa deside remet lajan malgre vwayaj yo pa rive fèt. 

Dosye paspò kap pèdi yo sanble poko atire atansyon DCPJ ni tou moun ki asepte peye pou rekipere paspò yo plis kanpe an MESI JEZI pske yap pi pre pwogram BIDEN olye yo pote plent bay ajans sa yo pou lanse pwosesis rekipere lajan yo. Pou kategori moun sa yo, demach DCPJ an pran anpil tan aloske pwogram BIDEN nan se okazyon pou retire yo bò Ariel Henry

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    24 ⁄ 1 =