Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

KI JOU MSYE LETA YO AP PANCHE SOU KORIPSYON NAN GAZ LA?

Apre tout analyz nou tout asepte apre kidnapè, gang, se towo gaz yo ki an 3em pozisyon. Li enpotan pou n di yo BONNE ANNÉE ET BON COMBAT CONTRE LE PEUPLE HAÏTIEN.

Msye yo vann gaz lè yo vle yo femen ponp lè yo vle. Le n di msye gaz nou pran tout rezo a.

1- Pa gen gaz 

DG Ignace St Fleur, Minis Ricardin, DG Monazard James, anpil moun panse kise petit protégé de Wilson Laleau. 3 nèg sa yo an premye ki ka eksplike maji sa. Daye menm simagri pa fet pou verifye ponp yo ankò.

2- Gen gaz men…

Pati sa enteresan si nou baze sou konsta kifèt maten an nan ponp CAPITAL Kanapevè. Kantite gaz wap jwenn an fonksyon kantite lajan ou bay ponpis lan 

Yo pap fuel non msye, se pou 2000 goud wap ka jwenn, pawol ponpis lan. Teknik lan senp: desann machinn nan e pran angajman wap jere ponpis lan. 

Apre negosyasyon, kondiktè an fuel pou 8000 goud e jere ponpis lan 2000 goud. 

Mw oblije antre nan koripsyon an sinon mw pa tap fuel, pawol kondiktè a apre l finn start machinn nan

3- Ponp ki femen nèt 

Lis ponp sa yo pa vann gaz pandan plizyè semenn. Pou ponp total 83, konsta, 1/3 ponpis yo achte moto osnon machinn. Bèl bagay!! 

Pou ponp Wilson Jeudy yo ta sanble 3/4 ponpis yo sou payroll nan Meri a. Rete pou n verifye! 

Nou pap pale ponp Delmas 60 yo, National 52, total 48, ponp kafou ti fou yo sou bwa verna, preske tout DNC yo etc… kote anpil se ponpis yo ki peye tèt yo nan vann gaz nan galon.

Se pa pou granmesi anpil nan ponp national yo pa pran fich gaz. Sel Ponp national bo Casami ak Ri Lamare ki rive pran fich si toutfwa wap separe montan an 50/50 ak ponpis lan. Donk yon fich 500 goud gen valè 250 goud

Sa se yon ti egzèsis devan pil ak pakèt koze mafya kap regle nan dosye gaz lan. Annatandan Leta konplis ki la poko ka fè anyen, li enpotan pou n chèche ponpye pou moman dife kap sinyale nan Delmas 32, Deye do Casami delmas, delmas83, wout montagne noire… eklate 

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    22 − 3 =