Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Fèt agrikilti ak travay nan Peyi Dayiti : Peyizan se chwal batay Leta.

Tradisyonèlman, chak premye Me nou toujou fete agrikilti ak travay nan Peyi Dayiti. Men nan reyalite a, sitwayen yo fete chak jou enpòtasyon ak chomaj, selon sa plizyè peyizan ak ouvriye souvan rapòte. Malgre yo rekonèt fèt sa enpòtan pou tout agrikiltè nan Peyi a. Se toujou yon moman pou yo lanse anpil aktivite atizanal ak agrikòl nan zòn yo.Jodia Ayiti gen plis pase 5 milyon abitan k ap viv nan ensekirite alimantè. Se mwatye popilasyon an ki nan sitiyasyon malouk sa. Nan menm kontèks sa WFP sòti yon rapò nan premye janvye 2024 pou l di : ensekirite alimantè a triple pandan 3 dènyè ane sa yo. Nan konpreyansyon anpil chèchè nan domèn lan, ensekirite alimantè a se youn nan eleman ki tradwi n ap travèse yon kriz imanitè grav nan Peyi Dayiti. Depi 2021 Ayiti klase pami Peyi ki pi pòv sou planèt la, epi li te okipe 163è plas sou 191 Peyi depi nan peryòd sa, selon endis devlopman imen ak jan (WFP, 2024).Se pa pwoblèm ensekirite alimantè a sèlman ki ajite deba sou enpòtans sektè agrikòl la nan sosyete a, men se yon kesyon ki te toujou difisil pou reponn depi lontan. Sitou nan milye peyizan yo. Lan lane 1805, youn nan premye mezi ekonomik Anperè Jean Jacques Dessalines te pran, se te entèdi tout vant bwa pen nan Peyi etranje. Se pat yon mezi ki te pran nan objektif pou pwoteje anvironman an, men pou ankouraje pwodiksyon lokal. Desizyon sila ta pral koute lavi Anperè a, li ta pral asasine nan dat 17 oktòb 1806 (Bellande, 2015). Men, depi aprè asasina sa, gouvènman ki pase yo toujou favorize destwiksyon pwodiksyon lokal nan move fason yo antann yo pou pwodwi etranje antre nan Peyi a, tankou diri ak pwa, elatriye, yo otorize komès bwa nan Peyi etranje. Yon aktivite ki kontribiye nan kraze sektè agrikòl nou an. Nan menm lide sa, pou avègle je tout moun yo itilize peyizan yo pou chwal batay nan fè pwopagann pou agrikilti ak travay, sitou lè nou nan dat premye Me, ki se yon jou Peyizan yo ak agrikiltè yo fete agrikilti ak travay nan tout Peyi a (Soukar, 2015).Dosye agrikilti ak pwodiksyon lokal nan Peyi Dayiti se gwo koze. Pa gen moun ki vle envesti tout bon vre nan domèn sa, tèlman li gen anpil difikilte. Ni Leta, ni sektè prive, yo tou 2 pa envesti ladan l. Sèlman klas peyizan lan ki prèske ap evolye nan sektè sa. Sa ki lakoz peyizan yo kòmanse dekouraje. N ap viv jodia sa Michel Soukar ta kapab rele : « Afesman pwodiksyon agrikòl nan milye riral yo »(Soukar, 2015). Sa vle di kiltivatè nou yo oubyen klas peyizan an pa gen menm vivasite ak angajman yo te genyen lontan pou yo plante epi travay latè. Men yon lòt kote sa k ap fè aktyalite pandan 3 dènye ane sa yo : Ayiti se pi gwo Peyi enpòtatè diri ameriken nan tout karayib la. Anplis, akoz liberalizasyon mache komèsyal nou an, Ayiti gen yon tarif dwanye sou enpòtasyon diri ki pi fèb nan karayib. Kesyon n ap poze èske fèb tarif dwanye sou enpòtasyon diri etranje a pa kontribiye nan detwi pwodiksyon diri lokal nan Peyi a ? Yon kesyon majorite ayisyen ap poze chak jou, men ki pa janm jwenn repons.Nan sousi pou kanpe pwodiksyon lokal, ranfòse agrikilti epi reponn ak bezwen sosyoekonomik yo, peyizan nan zòn riral yo koupe anpil pye bwa masivman ak ilegalman (Bellande, 2015). Eskew te konnen nou se youn nan Peyi ki plis ekspoze ak dezas natirèl epi katastwòf natirèl ki dekoule de move pratik nou yo ? Nou pa janm sispann koupe pye bwa nan move kondisyon, sitou pye bwa ki nan forè yo ak sa ki bay plizyè milyon moun manje tout kote nan Peyi a. Nan sans sa, move pratik sa yo lakoz 96 % popilasyon an ekspoze anba anpil risk natirèl. Tankou chanjman klimatik, degradasyon sòl ak ewozyon, elatriye. Menas sa yo se yon bann fenomèn anvironmantal grav ki preokipe tout mond lan. Men ki poko fè gwo deba nan sosyete nou an. Se nan sans sa Profesè Illionor Louis te ekri yon atik depi 2008 pou l te di, Ayiti se yon Peyi ki ka disparèt si pa gen anyen ki fèt pou pwoteje anvironman an epi rezoud pwoblèm inegalite sosyal ak ekonomik yo (Illionor, 2008).Genyen yon lòt fenomèn k ap ravaje Peyi a, se chomaj ou problèm travay. Li se pi gwo ennmi devlopman. Jodia nivo chomaj Ayiti rive nan 16 %. Men Kay jèn fanm li rive respektivman 36% ak 19%. Anplis, 45% nan travayè nou yo ap viv ak mwens ke 1,23 dola chak jou (WFP, 2024). Sa ki lakoz jenès la kite Peyi a pa pil ak pa pakèt. Konsa tou anpil jèn fanm nou yo tonbe nan pwostitisyon, timoun nou yo tonbe nan mandisite, elatriye.Nan sans sa bilan nou katastwofik. Men sa ki pi tris nan reyalite n ap dekri la, gouvènman k ap sòti a poko janm drese yon rapò oubyen yon bilan pou yo di men kòman yo te pran Peyi a sou plan ekonomik, sosyal ak anvironmantal, men nan ki nivo yo mete l. Èske nan sans sa pwochen gouvènman ki gen pou vin dirije Peyi sa pa ta dwe ekate ansyen demach yo epi kreye bon jan kondisyon pou envestisè nasyonal envesti nan pwodiksyon nasyonal ? Fete agrikilti ak travay nan Peyi Dayiti se yon bèl pratik. Paske se toujou yon moman pou nou prezante epi fè pwomosyon pou pwodiksyon lokal nan tout Peyi a. Men selebre moman sa, san Ministè zafè sosyal ak travay pa bay yon bilan konbyen moun kap travay, konbyen ki pap travay, san Ministè agrikilti pa bay yon bilan sou kantite Peyizan yo akonpanye nan pwodiksyon lokal ak konbyen antrepriz nasyonal k ap evolye nan domèn agrikilti, san Ministè anvironman pa sòti rapò anyèl li pou l di konbyen pye bwa yo plante chak ane nan yon pwojè rebwazman, se tankou n ta di : nou se yon bann moun k ap fete epi danse sou pwòp malè nou. Kidonk, Leta dwe sispann itilize peyizan ak agrikiltè yo pou chwal batay li nan yon demach popilis ak pwopagandis, pandan l ap favorize debwazman zòn riral yo sitou nan fason li absan nan espas yo ak enpòtasyon diri etranje a epi lòt pwodwi vivriyè yo. Leta dwe pito kreye bon jan kondisyon pou rekanpe pwodiksyon nasyonal epi garanti travay sou tout tèritwa a. Se nan demach sa sèlman Peyi a kapab pran wout devlopman tout pitit li yo reve a.

Bibliyografi :- Bellande, A., 2015, Haïti deforestée, paysages remodelés, CODIHCA, Montréal Makenson JEAN- Wold Food programme (WFP), 2024, Plan stratégique de pays-Haïti (2024-2028).- Soukar, M., 2015, Cent temps de domination des États-Unis d’Amérique du Nord sur Haïti, C3 Éditions, Delmas.- Illionor, L., 2008, Haïti : Combattre le déboisement ou les inégalités sociales. Atik disponib sou lyen : www.cetri.be.- Code rural de Duvalier, 1963.

Makenson JEAN

Defansè anvironman

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    27 × 30 =