Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

DCPJ 2020-2023: 3 lane apre, Frédéric Leconte dwe rann kont

DCPJ toujou ret malgre tout difikilte youn nan antite nan PNH la kap kenbe eskanp li. Sa pa anpeche kèk polisye nan move zafè malgre pousantaj la piti anpil, si nap konpare polisye ki afekte nan sikilasyon yo, sila yo ki nan detachman ak kèk move grenn nan kò espesyal yo. 

Travay jounalis yo merite bonjan akonpayman, pwoteksyon etou jwenn bonjan enfomasyon. Sepandan, konfrè jounalis yo dwe kontinye fòme tèt yo pou fome e enfomasyon popilasyon an komsadwa

Depi kèk tan, nou remake gen yon tandans pou banalize travay DCPJ depi apre enstalasyon Frédéric Leconte nan dat 10 fevrye 2020 ki sot pase. Eske Frédéric Leconte ta antre nan lojik rann kont bay gwoup jounalis ki pa gen menm yon bout papye akademik nan dosye ankèt? Poukisa DCPJ sou wout pèdi tout eskanp li? Ki gwoup anketè DCPJ ki ta sanble pataje kèk done sansib bay nèg ki di yo se analis politik, nan sousi pou ogmante odyans? Eske teknik pou montre wò komandan gen yon travay kap fèt andedan DCPJ pa antre nan lojik pou ankouraje medyok ak enkonpetans andedan sektè medya a? Eske DCPJ pat bay plis rezilta sou Normil Rameau? 

Nan lojik pou yo toujou montre yo gen enfomasyon, msye rezo yo oblije repete nenpòt koze yon fason pou rive konkiranse lòt jounalis. Kòm konsekans, yo vinn frajilize tèt yo ak metye a. Otorite lajistis vinn pa ka tande yo e envitasyon ki soti nan DCPJ vinn rezime ak yon koze afebli yon gwoup pandan menm enfomasyon sa ap pataje bay yon lòt gwoup jounalis ki gen zorèy andedan DCPJ

Pou evite DCPJ kontinye nan fè travay miwo miba e anpeche jounalis oblije antre an konivans ak Gang nan chèche enfomasyon e plede ap kouri pou lajistis, li enpotan pou CSPN nan mande DG PNH lan pran bonjan mezi pou evite DCPJ sal ak labou. Pandan nap ankouraje amoni nan pataj enfomasyon ant medya ak DCPJ, li enpotan pou sèvis kominikasyon DCPJ reyaktive e pou pòt pawol PNH lan sispann chèche senpati nan medya pou konsève pòs ak avantaj medyatik. 

Leconte pa dwe nan rann jounalis kont pou ret nan pòs! 

DCPJ dwe aji pi plis ! 

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    20 × 27 =