Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Éditorial: Haïti/Carburants: Bonjour ! Bonne semaine Cher KOKORAT

Nou ka etone salitasyon an vize kokorat yo epi se nou menm CLASSE MOYENNE ki oblije reponn. Nou ka konstate tou zafè kokorat knnya chanje etap.

Sak pase nou konsa ? 

Depi kèk jou nou pa remake se nou ki rele tèt nou CLASSE MOYENNE kap domi nan lari a ! Nou pa wè nou rive domi andedan machinn, nan kanpe nan liy anba ponp osnon pou rive nan ponp? 

Sak pase nou konsa ?

Se pa nou ki pap anfeme kay san parking nan? Apa nou asepte kite machinn nou domi anba ponp knnya Sa kap pase nou konsa ?

Bon nou pap asepte domi san nou pa bwose. Nou edike pou n pa leve san nou pa bwose ni pase jounen san bwose

Apa nou antan n nou nan leve 3-4-5h nan maten pou n vin n pran liy dèyè gaz. Pa dim lè nou leve lè sa nou gentan bwose non ! Kesyon leve bonè dèyè gaz sa raple peryod anbago dapre yon ansyen jeune 55-60 lane. 

Komsi se tout bon nou antann nou pou n kite Suzuki yo, RAV4 yo, Subaru yo… ap domi anba ponp? Nou pa sansib pou sèvo machinn sa yo ankò? 

Komsi se tout bon nou asepte ap woule nan machinn san nou pa pase klimatizasyon an ? Nou pa pè chalè ak pousyè ankò? 

Antouk… pandan CG LAFONTANT ap pèdi tan e Delegué Bernadotte ap fè rara, fè radòt nan arete e sezi, gen moun ki menm estime se volè, gaz ti msye antreprenè yo nou rele machann gaz yo, gen moun CLASSE MOYENNE ki poko vle antre nan mouvman kokorat  la ki ta disponib pou kanpe machinn yo sou wout prensipal yo pou n revandike jan lòt CLASSE MOYENNE nan peyi ki di yo sivilize yo konn abitye fè.

Konsa tou gen lòt moun CLASSE MOYENNE zuzu, ki gen kontak komandan, ak nèg nan pouvwa kap tann pou boule gaz ki sezi nan lari yo nan ale nan piscine, ale nan pwogram, al fè chawa pete pou bay gwo chèf plezi. 

Donk… kom nou chwazi dòmi nan ponp, li tap enpotan pou n leve, bwose, kale je nou pou n mande CHEF yo al fouke mèt ponp kap vann gaz bay BAZ nan dwou m pou fè mache mwa pandan yo derefize kite responsab Ministè Komès yo mele ak tout enspèktè yo ki PAR HASARD ta konplis nan koze gaz la

Au revoir 

Cher KOKORAT ! 

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    18 ⁄ 6 =