POUKISA nou asepte kanbiz yo kom moun ki nan mache enfòmel, kap jwenn dola nan bank yo vinn revan n nan lari epi nou menm ankò deside pale machann gaz yo mal
Ban n ipokrit
Komsi nou pa vle devlope PME nan koze gaz la ?
Nou menm pale komkwa pa gen gaz aloske si se pa machann gaz yo, kom nou pa vle rele yo antreprenè, bagay lan tap pi grav
Yo pran gwo risk. Yo van n anba solèy tankou lapli. Yo gen volonte e yo konn travay. Se pa modèl moun sa yo peyi a bezwen ?
Sou manti kap klewonnen komkwa pa gen gaz lan, ban n eksplike w pou n wè si se pa mechanste nap fè
Vandredi pase zone Lali, blok ansyen Promobank 3 galon gazoline koute 450 dola HT; Samedi apremi menm 3 galon an koute 540 dola. Donk pri galon an soti 150 li pase 180 dola ht.
Pou jounen Dimanch lan siw pran PV, delmas 83, 75, catalpa galon an koute ant 200-260 dola. Lew desann blok delmas 45, 41 jis ou rive delmas 2, wap jwenn galon an rapid rapid ant 160-200 dola ht
Konnya sou ki baz ou ka eksplike pa gen gaz sa, si se pa gouvelman an ak tout DG BMPAD lan nou anvi pale mal. Moun kap kontinye repete koze pa gen gaz sa, se petet yon sektè politik ki deye ranplase jeune gason sa ki rele Ricardin St Jean nan tèt Ministè komès. Se rayi nou petet rayi jeune gazon kap bay rezilta osnon se granmoun Ariel lan nou anvi fè kèk AVC
Bay moun lapè yo !
Kite responsab Terminal Varreux yo vare gaz nan tout rakwen, nan tout koulwa, nan tout doum e nan tout chanm kay andedan peyi a jiskake gen yon Leta ki pap bwè gaz lè yon kriz ap taye banda.