Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

KREYÒL PALE, KREYÒL KONPRANN !

Konstitisyon 1987 la, se premye konstitisyon, si se pa ta li menm sèl, ki te janm ekri nan lang kreyòl an Ayiti. Yo te pibliye l nan jounal ofisyèl peyi a, « MONITÈ A ». Sa te fè l granmoun tèt li. Sitwayen ki te patisipe nan gwo travay pwodiksyon konstitisyon sa a, nan tou de lang ofisyèl peyi a, merite yon gwo mèsi pou sa.

Konstitisyon nan lang manman l nan te fè pèp ayisyen an byen konnen tout kondisyon fondamantal responsab politik yo te dwe respekte, si yo t ap dirije peyi a kòrèkteman – si yo te vle sèvi nasyon an pou chanje move sitiyasyon pi fò moun nan popilasyon an ap debat ladann chak jou a, depi twò lontan. Ak dokiman an kreyòl sa a nan men l, pèp la te vin konnen dwa l pi byen toujou ; li te vin pi enterese nan zafè peyi a. Epoutan, patisipasyon Sitwayen toupatou nan diskisyon politik yo te deranje anpil gwo potanta.

Men zonbi goute sèl. Moun ki konn li te repete pou lòt yo te ka tande. Sa te bay bon rezilta paske tout moun sou katye yo te ka diskite politik ansanm. Epi, yo te fè lekòl avè l. Konstitisyon an kreyòl la te yon gwo zouti alfabetizasyon tou. Pou ki sa depi dat la, tout moun an Ayiti pa konn li jis kounye a ? Nou pa bezwen reflechi anpil pou n konprann. Apa yo te pibliye yon swadizan amannman an Franse apre yon pakèt pale anpil, san yo pa t janm remèt pèp la yon dokiman an Kreyòl !

Jodi a, pèp la mande chanje sistèm nan. Epoutan, gen tèlman bagay ki merite chanje, twaka moun gen kè sote paske yo pa wè kòman tout moun pral dakò sou ki sa ki pou fèt ak kòman pou sa ta fèt. Sepandan, nou konstate preske tout moun dakò pou n mete yon lòt konstisyon kanpe. Men genyen anpil moun ki kwè si konstitisyon 1987 la ta rive nan bout li, se paske dirijan leta yo pa t aksepte respekte l. Pèp Ayisyen an pa sezi pou sa. Se pa pou premye fwa ! Zòt toujou di konstitisyon se papye, se bayonèt ki fè. Men fwa sa a, sa dwe yon lòt bagay. Je pèp la louvri, je l klere.

Se vre, popilasyon genyen gwo tèt chaje paske li bezwen tout bagay. Men li kòmanse panse tèt frèt pou l poze aksyon konsekan ki ka bay bon rezilta. Menm si l pa fin twò save lalekti, tèt li pa kalbas, se sèvo ki andedan l. Gen yon bagay pèp la konprann : Kòm palmantè yo diskite an kreyòl, nouvo konstitisyon an dwe ekri an kreyòl tou. Kreyòl pale, kreyòl konprann. Apre sa, yo va mete l nan lang franse. Konsa, nouvo konstitisyon an kapab pibliye nan « MONITÈ A », nan tou de lang ofisyèl yo, menm jan sa te fèt an 1987. Omwens, se yon premye bagay nou ka dakò sou li.

 

Chak maten, pèp ayisyen an netwaye poulaye l. Nan kalòj la, li kite ze pou manman poul yo kontinye kouve, epi li triye ze pou bay fanmiy li manje ak ze pou pote vann nan mache. Li pa egare, li konnen se jòn ze ki bay fòs.

Chantal Volcy Céant

12 novanm 2019.

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    20 ⁄ 5 =