Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Haiti-Sécurité-Célébration : Bonne fête DG Frantz Elbé

 

Anpil moun ki pa konnenw estime anivèse w rive vit aloske moun dwa zimen yo ki petèt two konnenw pap pami moun ki pral swetew BONNE FÊTE 

DG nou okouran moun ki pwoch ou etone wè kantite apel ake vizit wap resevwa depi yeswa, malgre anpil pa rive pase akòz kèk antènn Digicel ki pa gen Diesel. 

Anpil bèl boutèy debouche yeswa avan jounen FÊTE ou e madan Lalime telman klere, li ret tou Limen. Foto yo pa piblik men, nou inajine kijan PM Ariel tap ri. Se te gwo FÊTE e bel FÊTE.

Komsi nou pat wè Minis Quittel ? Msye te kite avan lè osnon yo pat kite espas pou l PARKING ?

DG Elbe ! 

Wap remake popilasyon an ni jounalis ki toujou ratache ak Direktè Jeneral PNH ki pase yo poko rive nan FÊTE la. Anpil petèt ap pran moto kanmenm pou pase wè w (Sa se ekip PAKA PA LA)  men, genyen tou kap tann ou rele yo pou w defini kat sou tab kijan bagay yo pral fèt avan. (Sa se ekip tout bouch fan n pou manje yo).

DG ! Kom wap fête, nou pap two deranje lespriw ak koze gang, koze G9, 400 mawozo elatriye…

Konsa tou nou pap chaje lespri w pou eskplikew pil ak pakèt zam nouvo zanmi w pral gen nan sektè prive yo ap sikile avè yo. Nitou, nou pap deranje w pou n pa gate jounen FÊTE lan pou n pataje avè w kijan yon gwoup moun politik fè gwo FÊTE apre esntalasyon w. Petèt yap atann anpil de wou ? 

Pandan nap swete w Bonne FÊTE DG Elbe, nap pwofite diw gen lot moun kap FÊTE jodya ki pa ka jwenn gaz pou menm al fè market ni al pran yon ti beny lanmè, akòz bandi achte wout nasyonal nou yo san lajan. 

Nou pa konn si w li enfomasyon peryod 2004 kap sikile sou wou sou rezo sosyo. Nou pa konn tou si enfomasyon sa yo pap bese pi ba moral polisye nou yo ki deja trè ba, kom SOUHAIT, nou vle w konnen DG Léon Charles ki pat kwè nan kominikasyon e kifè batay kont fantôme 509 la kom chwal batay li, jwenn posiblite pou retounen nan OEA apre pasaj li nan tèt PNH la, nou pa konn kisa w negosye nitou sa kap tann ou apre w kite tèt PNH la, selman lap difisil anpil siw panse w ka retounen ak modèl jesyon 2004 yo etou si w kwè wap ka dirije PNH lan nan swiv tras DG Léon Charles ak DG Rameau Normil. 

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    20 ⁄ 10 =