Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Éditorial : PM Ariel, moun je kaka pa nan kale je

Nou tout nan peyi a pran nan epidemi je kk. Ou wè m te konn diw se foulay DINEPA tap fè nan depanse lajan blan nan koze pase tiyo Se pat janm pou te bay dlo Ou pa wè menm dlo nou pa jwenn pou n lave plim je nou? 

PM Je nou gen kk ! Pa mande nou louvri l sou wou paske non selman nap parèt malèlve etou nap baw azoumounou. Jan Lalime pa respektew koman pou n ta kitew al rankontre l ak je kk Non!  Sa pap bon !

Kèk pwofitè kite deplase al USA avè w yo di ou pat ka kale jò w pou w bay Biden lanmen Eske se vre PM ? 

Épitou PM koman wap voye nou kale je nou pandan DG Elbé lage yon ban n polisye nan lari pou bay gaz san rete aloske 3/4 ti machinn point fixe yo PM Lapin te achte nan men msye Boulos kanpe pou Gaz. 2/3 nan yo ap sèvi msye wo komandman an pou bwote fanm e fè market. Machinn yo finn tounen taxi

PM Je nou pa kale ase pou n konprann sa kap pase la 

Sel manm gouvenman ou yo ki knprann paske ta sanble anpil nan yo se foto pwofil je kale yo afiche chak lè rankont zoom yo Ou pa remake sa?

Pa mande yo kote yo ye non PM pou yo pa fache avew Nan moman sa ou plis bezwen solda olye kolaboratè

Ou panse w ka vinn pèdi Emmelie Prophète ake Nesmy Manigat nan moman sa ? Moun sa yo se je femen yap sipòte w Dayè anyen w pa enterese yo ! 

Pa mande bondye ja 👀 Minis enteryè Montana a ta louvri menm. Ou pa wè se menm Minis sa kap jere enteryè LOCK la andedan Vil okap ak rès potoprens ? 

PM malgré ja👀 Minis Sante an kale, men… podyab li pa wè pi lwen pase pwent nen l. Nan koze kriz imanitè a, erè ou fè ou te dwe mande Dr Lauré Adrien ake Dr Pape D’Haïti pou gwosi chif kolera yo pou wou avan w mande èd entènasyonal.

 Jan ja👀 advantis kale lè yo wè vyann kochon nan bak fritay. Kijanw fè pat wè kou sa ?

Selman veye pou zanmiw nan entènasyonal yo pa melanje sòlda Dominiken nan èd wap mande a ! Kale jò w PM Se granmoun ou ye Dayè se moun tankou w ake moun fou kifè sa yo vle. Anplis avni w dèyè tètòw Ou pa gen anyen wap pèdi 

Pou m fini PM map pote w plent pou moun bwa kale yo. Moun sa yo fè twop koze nan peyi a , yo foure twop bwa nan je popilasyon an, yo bay machann bwa, yo chita sou bwa, yo voye bwa san kanpe 

Komsi la PM sa w ka fè pou w retire kèk fizib nan sèvo yo moun bwa kale sa yo? Mw te kontan fwa sa le w di wap pale ak tèt yo. Poukiw pa prevwa retire non selman lajan sou gaz lan etou bloke kèk fo zanmi sou téléphone ou. Ou se nèg je kale wa di yo se Digicel ake Natcom ki pa gen siyal akòz gaz. Siw deside fè sa PM avan yo baw pote chay tout dezòd kap pase nan peyi a fem knen 

Map baw kèk lòt zanmi pou w pale Mw knenw pa kwè nan lajenes, men wap jwenn 2,3 grenn moun nan jenerasyon w lan ki pa je kale e ki pa nan volè si toutfwa w gen jou ankò ki rete devanw etou si w ta deside kanpe bwa kale devan CORE GROUP ki soti pou fè w rayi peyi w e menm vle few pa ka deplase al nan culte adoration ou chak samedi maten 

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    18 ⁄ 3 =