Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Assassinat de Jovenel Moïse: A quand l’ouverture de l’enquête mystique

Nan lanwit asasina Jovenel Moise lap difisil pou n met chif sou kantite seremoni vodou ki tap fèt andedan peyi a. Nan lè sa nou pap ka konnen konbyen lougawou ki tap vole  sou do kay etou konbyen malfektè kite nan mitan kafou kap prepare  poud e fè devosyon.

Pratik seremoni vodou yo pa chanje! Lè lwa monte nan tèt chwal la li konn voye mesaj bay moun pou avètiw sou prekosyon w dwe pran kont yon sè, yon frè, yon vwazinn e yon moun kote wap travay e defwa li konn menm voye chèche w avan bajou kase.

Nan tout kout bakèt ki tap frape, wa di pat gen youn  nan chwal yo ki resevwa okenn nouvèl sou atak osnon sou difikilte Jovenel Moïse ta genyen e pral genyen, omwen li ta kite kay lan al domi nan palè osnon nan yon kay lwa.
Elas !

Kote bòkò Jovenel Moise konn konsilte yo te ye nan lannwit zak sasinay sa ? Kot wa vodou an ? Koman fè manzè Martine fanm total domi tèt ba jou swa sa ? Ata menm yon rèv pou manzè Martine pat fè pou omwen jwenn kèk revelasyon ak kèk siy ki montre kay la mande wouze.

Komsi pou lanwit sa Ati nasyonal lan domi je klè? Okenn siy pat montre Ati a Jovenel Moise pral gen kèk anpechman ?

Vizit nou fè nan BIWO NASYONAL Etnoloji fè nou  kesyone poukisa se apre koulèv finn pase Komsi pou Erold Josué domi je klè nan lannwit sa tou ? Komsi pou okenn Monseigneur, okenn Evèk pat wè bagay sa pral rive ?

Nou serye ?

Pou jan Euvonie, Bilolo kongo, Marc Arthur Drouillard…ansanm ak pil ak pakèt Mason lòj pale nan radyo, radote tout jounen sou Ayiti, pou youn nan yo ata menm yon vye malfektè pat ka avèti Jovenel Moïse sou konplo osnon foumi wouj ki pral anvayi lakay li ?

Avan yo kesyone Yves Léonard sou kisa ki konpoze fondasyon kay li lwe Jovenel Moïse nan Pèleren an, nap poze kesyon poukisa okenn suivi pa fèt pou louvri prese prese yon ankèt mistik kote yo ta konvoke kèk sosyete chanpwèl mele ak kèk lakou ak bitasyon, 7 pami gwo bòkò nan peyi a, 7 pami gwo venerab, 7 evèk pou n rive konnen eske se DG ministè kilt (ministère des cultes) ki pat pote mesaj la ale, osinon se zorèy Jovenel Moïse kite pi long pase zo bwa tèt li, ki koz frekansite sa rive reyalize.

rseraphin@gmail.com

LZ

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    20 ⁄ 5 =