Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Ariel Henry n’a plus le contrôle du Terminal Varreux: les raisons?

Nan dat 10 jen 2022 Varreux fè knenn bato tanker ki rele MT Minerva Mediterranea ponpe 2,436,000 galon gazoline, donk 57999 barils 

3 jou apre menm Varreux di nou gen 141 kamyon gaz chaje kite Varreux pou al vide nan ponp gaz yo. 

Depi apre kagezon gaz sa, koze mache mwa ak batay politik pou kapote Ariel avan 7 jiyè mele ak sa yo rele gè nan site solèy lan lakòz msye dam Anapross fè pèp lan monte syèl pa do. 

Konsa nan dat 13 jiyè, tanker MT Lora debake 64,000 barrils, kifè 2,688000 galon gaz. Donk, jis jounen jodya poko gen 80 kamyon ki kote Varreux. 

Sa pou n konprann e analyze 

: 1- kantite gazoline ki antre nan peyi a vinn pi plis (57000 barils mwa Jen rive 64 mil mwa jiyè)

2- Selon sous nan ANAPROSS anpil pomp gaz TOTAL pa fè komand akòz yo poko itilize mwaye nan sa yo genyen nan stock. Donk, yo gen gazoline

Analyz chif sa yo montre aklè Minis komès la Ricardin mete ak tout DG ap pase pèp lan nan rizib, lè yo deside kouri soti nòt pou anpeche gaz vann nan galon men… pa di anyen nan voye enspèkte al kalibre ponp yo e verifye kantite gaz yap kache pou vann nan doum pou fè mache mwa ak kreye kriz

andedan peyi a.

Yon lot kote, nou aprann kèk enspektè Ministè komès pa deside pran lòd nan men DG Monazard pou tèt frè pou akonpanye polisye yo ak otorite lajistis yo pa janm disponib. 

Pou knnya pwoblem gaz lan tout moun ka konprann se yon volonte pou kreye latwoublay ak dezòd e se yon bon mwayen pou Minis Boisvert rive okipe pòs Premye Minis, si toutfwa lidè politik BMPAD la, Ignace St-Fleur, Ministè komès la ak msye dam ANAPROSS yo ta rive fwa sa itilize dosye gazoline nan pou jete Ariel Henry. 

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    28 − 17 =