Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Sa kap pase Ayiti : Une compréhension incompréhensible !

1- Ariel Henry se alye gang. Li mobilize gang yo pou jistifye fòs Multinationale lan debake Ayiti. 

Donk, lè fòs la ta vini, lap antann ak gang yo ? Komsi gang yo osi sòt pou travay kont pwòp tèt yo pandan yo konnen ak prenant fòs la yo pap ka fè sèvis peyaj anko nitou pap ka fè djob kidnapping lan menmjan. 

Eske nou dwe konprann polisye kap vini nan kad fòs sa pral an danje menmjan ak bon grenn polisye kap kwape gang yo nan lapolis la? 

2- Se nèg politik ki dèyè jete Ariel ki fè alyans ak gang yo! 

Kididonk, tous les moyens sont bons ! C’est de la politique ! Imajine Ariel rive tonbe akòz mouvman gang yo. Kijan lòt misyonè kap vinn ranplase l kom PM nan pral bay garanti lap ka koupe branch lap chita sou li ? 

Si efektivman gang yo ta ini yo pou jete Ariel ak sipò nèg ak fanm kap chèche espas pouvwa, kiyès ki plase pou alimante gang yo nan koze katouch e ki kote moun sa pral plase kòmand pou l ranplase kantite katouch kap pete chak vire tounen yo nan plizyè kote. Kiyès kap jere lojistik sa ?

3- Sa kap pase Ayiti se plan international ameriken. 

Donk, Ameriken gen yon plan kont Ayiti yo mare sosis ak Gang an menm tan ak moun ki nan pouvwa e nan opozisyon. Si plan an se pou detwui Ayiti donk neg ki nan pouvwa e ki nan gang konnen se itilize blan ap itilize yo san garanti pou lavi yo e pou lavni yo. Se petet yon pak ak djab. 

4- Neg ak zam ki reyini anba baryè Viv ansanm ki deside jete Ariel Henry. 

Apre objektif sa ta rive atenn, yap jis retounen nan kokiy yo osnon yap deside pran pouvwa. Kisa ki anpeche neg ak zam yo ki kontwole 3ka edmi potoprens regwoupe fòs yo e pran tout espas Leta tankou palè, BRH, Primati nan bisantè a, palman… kèk gwo anbasad ki sou nan teritwa yo (France sou chanmas, États-Unis anba men neg Taba yo) san pale konsila ki gaye e ki se lokal biznis neg sektè prive kap jere zafè prive e kap sikile nan gwo machinn blende prive)

Si chak fwa neg ak zam fè demonstrasyon fòs souke potoprens gwo jounen e sa kap pase lannwit nan potoprens kote lari blanch, kote polisye ap domi, kote patwouy ak PF polis ap bwase sitwayen pou koze vit nwa e pou viyèt? 

La compréhension n’est pas permis à tout le monde mais ce qui se dessine mérite plus de couleur vive et aussi un peu d’ombre pour mieux vendre le tableau de l’Haiti post Jovenel Moise. 

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    15 − 3 =