Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Personnalités de l’année 2020

1- Monferier Dorval

Zak sasinay ki fè plis bri pou ane 2020 an. Jiskaprezan Lajistis poko ka di nou plis e menm DCPJ poko janm pase nan Alo lapolis moun yo di yo ta kenbe yo ;

2- Gregory Saint Hilaire

Jiskaprezan pèsonn poko ka di ki mò ki touye Gregory men… dosye sa montre salte nan vizaj koperasyon etidyan an ak ipokrizi ki nan sektè inivèsite peyi a ;

3- Evelyne Sincère

Depi lè <kidnapping> retounen pran plas li nan peyi a se premye zak kidnapping ki lage gwo laperèz toupatou. Sosyete a toujou ap tann Lapolis prezante nou otè zak kriminèl ki fèt sou Evelyne lan ;

4- Michel Saieh

Malgre tout moun konnen bizisman nan peyi a toujou epanye nan koze ensekirite a, men… Michel se inik antreprenè koni ki viktim nan ensekirite pwograme osinon jeneralize pou ane 2020 an. Lapolis sanble lou nan dosye sa ;

5- Telfort Ferais

Li senbolize tout polisye ki jwenn lanmò pandan ane 2020 an. An menm tan li tradui jwèt konfyolo kap fèt ant polisye ak bandi nan vil pwovens yo ;

6- Nancy Dorleans ak Sebatien Petit

Zak sasinay sa pase kòm youn nan krim pasyonel pou ane 2020 an. Se vre sektè kiltirèl la pat sansibilize men, lapolis te rive abouti ak yon arestasyon;

7- Cerceuil

Sèkèy lan rete tou louvri paske ensekirite a pa sispann fè viktim nan mitan popilasyon an, aloske sanble pa volonte reyèl bò kote otorite yo pou kanpe sa ;

8- Kidnapping

<Kidnapping> benefisye mwayèn 8 kom gwo elèv.  Li etidye byen li bay randman epi li pwofitab pou plizyè sektè andedan peyi a ;

9- Conseil BRH

Alòske <kidnapping> nan ap fè aktyalite nan koupe kou klas mwayèn nan pou bay gwo lajan ameriken. Konsèy BRH la parèt enpuisan epi poko janm ka rive mete fren nan vitès bank komèsyal yo k ap koupe ponyèt popilasyon an nan dosye dola a;

10 ak 11- Godson Joseph ak Merry Djuna Fleurimond

2 lespwa peyi a ki lage tout yon fanmiy nan desepwa. 2 ti lèzanj ki kite gwo sikatris nan kè tout fanmi bandi baz 400 mawozo pou plizyè jenerasyon ;

12- Port Lafito

Pò LAFITO bat rekò kòm youn nan pi gwo pòt antre zam ak katouch nan peyi Dayiti pou ane 2020 an.

redactionanalyse@gmail.com

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    9 × 28 =