Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

MESSAGE TRADITIONNEL DE LESLY CONDÉ À L’OCCASION DE LA GRANDE «JOURNÉE INTERNATIONALE DES DROITS DES FEMMES»

Frè m ak sè m yo,

     Nan ane 1977, Òganizasyon Nasyonzini te chwazi dat 8 mas la kòm Jounen Entènasyonal Fanm yo. Nou tout konnen fanm yo merite pou nou onore yo tout tan paske tout wòl yo jwe depi kòmansman limanite, fè yo enkonparab. Sa fè yo merite tout kalite respè avèk pwoteksyon.

     Se vre nou toujou di fanm se yon èt imen ki delika epi frajil ni nan fizik li ni sou plan sikolojik. Li bon lè nou panse fanm bezwen epi merite tout kalite pwoteksyon nan men sosyete a. Poutan, lè nou gade tout responsablite, tout devwa avèk tout obligasyon fanm genyen depi nan douvanjou limanite, nou dekouvri fanm nan gen nan limenm yon fòs espesyal ki fè l pi fò pase gason. Menm lè fanm se manman limanite, menm lè se gras a yo limanite kapab siviv, li konpòte l avèk yon bravte epi yon delikatès ki fè nou di li se sèks fèb la.

     Kanta pou fanm ayisyèn, mw se youn nan moun ki kwè li merite yon konsiderasyon espesyal epi yon respè espesyal. Li se yon manman devwe, yon enfimyè, yon kontab, yon diplomat…avèk anpil lòt bagay toujou. Se limenm ki aprann nou toujou vize wo epi pa janm dekouraje.

     Pou m fini, m ap swete nou tout yon bèl Jounen Entènasyonal Fanm. Yon anviwonman ki bon pou fanm se  yon anviwonman ki bon pou tout moun. Tout fanm boyo, fanm poto mitan, fanm vanyan, fanm lakay. MÈSI !

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    2 × 10 =