Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Mèsi Digicel papa ! 

Sa se vwa moun ki pa ka jwenn sinyal pou pale jan yo vle. Se vwa tou moun ki finn met yon vye pap padap epi yo akize konpayi an komkwa li volè minit lan lapoula. Konsa tou vwa sa konn soti nan mitan moun ki pa janm wè ki kote 20, 70,…MB yo pase apre kèk jou navigasyon.

Apre plis pase twa(3) mwa jiskaprezan sanble okenn klyan poko jwenn 3000 goud nan mache eskane kod QR Mon Cash lan. Moun sa yo ka toujou di mèsi Digicel !

Depi jou sèvis Marketing ak operasyon Digicel lanse gwosè kanpay sa, anplis kritik kote li plede sal tout mi kay moun, Digicel poko janm anonse moun ki genyen 3000 goud sa ki jiskaprezan rete youn nan pi gwo manti konpayi wouj lan ofri nou. Direktè operasyon an Mouche Jean Philipe Brun sanble fè tout lajenès wè tout koulè nan mache eskane kòd nan tout rakwen nan peyi a.

Elas pou lajenès Ayiti !

Poukisa jiskaprezan okenn otorite Digicel nou rive kontakte derefize pale nan koze eskane kod QR Mon Cash sa ? Ki bilan gwo estrateji marketing sa kite mete sou pye e ki sanble akouche yon sourit zwit !

Nou pap janm sispann di Digicel mèsi paske l vinn sove pèp Ayisiyen anba gwo zouzounn ki tap fè yo monte lesyèl pa do nan koze minit telefon,

Nou pap sispann di Digicel mèsi pou gwosè travay lap reyalize ak fondasyon Digicel.

Pou 15 lane Digicel nou swete w vinn pi sosyal e teknikman pi ranfòse konsa popilasyon an ap gen plis aksè ak plis entènèt pou mwens kòb jan sa fèt kay vwazin kote ak yon plan entènèt nomal ou ka telechaje pil ak pakèt done san w pa bezwen nan bat « night » ni bat seren nan veye plan « lanwit san limit » jiska 11 zè nan aswè.

Digicel 15 lane ou jèn se vre men an Ayiti ou dwe deja gen bon lespri e menm rive fòme kote lèt ap soti nan tou nenw. Ranje chita w pou ti gason pa gade anbaw.

Fè respèw kom bèl ti zokiki paske anpil klyan ou yo pi gran pasew e gen sa ki pa gen moralite ki pap jennen kase ti bwa nan zòrèy ou jiskaske yo rive kouchew.

Mèsi Digicel men fè respew !

redactionanalyse@gmail.com

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    4 × 7 =