Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Journée de la Diaspora: Le rêve est encore là!

Frè m, sè m ak zanmi m toupatou

Se yon gwo kokenn chenn privilèj pou mwen pou m ansanm avèk nou epi pou n ap komemore jounen dyaspora ayisyèn nan ansanm ane sa a ankò. Se yon okazyon pou nou reflechi ansanm sou tout pakèt gwo defi tout kalite ki anfas konpatriyòt nou yo chak jou. Jounen dyaspora ayisyèn sa a gen tout enpòtans li paske li mete nou anfas wòl nou tout gen pou nou jwe pou nou ede peyi nou an siviv. Kòm sitiyasyon peyi nou an ap pran tan pou l amelyore, kolaborasyon dyaspora nou an vin pi enpòtan dejou anjou. Gen anpil konpetans toupatou nan dyaspora a ki kapab mobilize yon jou pou devlopman peyi nou an.

Dyaspora ayisyèn nan ap miltipliye epi l ap vin gen plis divèsite tout tan sitiyasyon peyi a refize amalyore. Jounen jodi a, nou gen yon dyaspora ki sou tout kontinan yo. Li enpòtan pou nou konnen gen anpil konpatriyòt ki dezespere nan pwen kote yo kapab lage kò yo nan nenpòt peyi, nan nenpòt kondisyon. Konpatriyòt sa yo vilnerab anpil. Sa vle di gen konpatriyót nan dyaspora a ki kapab bezwen yon kout men solidarite.

Anpil jèn konpatriyót nou yo pa ezite lage kòyo pa bann e pa pakèt nan yon avanti san garanti olye pou yo rete fè fas avèk yon echèk ki garanti. Nan anpil ka, opòtinite yo jwenn yo pa lòt bagay ke esklavaj degize. Men yo satisfè kan mèm paske yo gen chans travay, epi lakay gen espwa sou yo.

Pi gwo preokipasyon majorite Ayisyen nan dyaspora a se lonje men bay fanmi yo ki lakay. Pou rezon sa a, transfè lajan se yon eleman enpòtan nan ekonomi peyi nou an. An nou espere gwo kokenn chenn kontribisyon dyaspora ayisyen an, ap kontribye nan devlopman peyi a yon jou.

Se rèv nou tout pou yon jou, Ayisyen k ap viv nan dyaspora a ap kapab retounen lakay si yo vle, pou yo pèmèt konpatriyót yo avèk peyi a benefisye tout konesans ak eksperyans yo ramase nan peyi etranje.

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    17 − 9 =