Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Jou j- 7: men rezon Ayiti ka pa touche lajan sòl 15 septanm nan

Tankou nan koze SÒL/SANGUE , peyi Dayiti ta dwe touche lajan pal lan jou kap 15 septanm kap vini la. Sa w tande a, rayisman, tansyon, presyon ap soti tout kote pou anpeche vye grann benefisye ti kaka aran an.

Gen gwoup ki touche deja kap fe tout sa yo konnen pou kreye latwoublay pou moun nan sòl lan pa finn peye. Nan gwoup sa ou jwenn nèg ki di yap pale ak Larisi e nèg ki pa vle lajan an rive jwenn Ayiti. Kesyon kap poze eske Amos ZEPHIRIN kise DG Ministè enterye pat gen misyon jere sa depi aktivite me pase a ?

Lot goup ki pa vle tande pou Ayiti touche lajan an se yon gwoup ki divize an 2. Yon bò, l ap ankouraje latwoublay pou lajan sòl 15 septanm nan pa rive jwenn Ayiti epi pou se pa mouche Ariel Henry ak akolit li yo ki pral benefisye lajan sòl lan. Yon lòt bò, lòt gwoup la menm derefize tande koze men sòl sa paske plizyè fwa nou rive jwenn lajan sòl sa, se BLAN ak Ti Milat Ayiti, kom granmoun kannay, granmoun dezòd, granmoun sanwont okipe ak lajan sa.

Pou kategori moun sa yo olye yo peye Ayiti lajan sòl sa jou kap 15 septanm lan pito Ayiti pa met espwa sou lajan ditou e jwenn pito lòt moun serye ki nan sòl lan pou prete lajan an e remèt Ayiti li lòt fason kap pèmèt li okipe pitit san papa ki nan men l yo. Lajan sa ap pèmèt Ayiti achte rad, soulye, machinn, liv, kaye, valiz elatriye…ak lòt bonjan materyèl sofistike pou mennen timoun li yo lekòl nan zone Taba, Matisan, Kafou fèy, Laboule, Canaan, Bèlè, Village de Dieu, savyen ak tout lòt kote ki pèdi e ki dwe rekipere.

Denye gwoup kap bare lajan sòl Ayiti a se paske yo menm tou lajan yo poko pare e yo wè dat 15 lan rive yap chèche pou plis latwoublay fèt pou yo monte konplo sasinay sou Ayiti pou l rann lajan Sòl lan avan menm dat la rive. Gwoup sa gen anpil atoufè ladanl e nou pap pran tan site non yo paske yo pwuisan e yo rayisab. Se yon bann tankou 2 bouda yo ye. Yap EDE yap deregle. Yap bay ak men goch yo pran ak men dwat. Yo ini yo dezini. Yo pa fran yo pa sensè. Yo pran Ayiti pou Cana e yo pa vle nou rive Canaan.

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    16 + 27 =