Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Coronavirus et les connards haïtiens

Lè nap fè kanpay elektoral depans fèt pou kandida a parèt bèl. Aloske nap pale kanpay sensibilizasyon, nou gen enpresyon li vle fèt san depans etou msye dam bizisman yo, gwo patron yo ak Atis nou yo ap tann leta. Ki leta ? Podyab ! Moman sa, leta nan tout mond lan gen yon sèl vrè lenmi ki rele CORONAVIRUS

Chak sosyete gen fason yo enplike nan konbat ce virus conard.

An Ayiti, sektè prive ki toujou konfonn tèt li ak Leta. Atis nou yo ki gen Leta kom pi gwo manager pa dwe tann Prezidan Jovenel Moïse ni Minis Pradel Henriquez ankò mwens SOLA dikte yo sa pou yo fè pou enplike nan kanpay sansibilizasyon sou pandémie Covid-19 la. 

Kote konpayi kite mete banè sou bwa vèna pou idantifye wout nasyonal # 3 a ?
Eske nou wèl mete yon banè pou ankouraje popilasyon an lave men deja ? Lap tann lajan ? Lap tann kontra pou sifaktire pri pa vre ?

Mesye/ dame Atis yo kite pwomèt lopital la… pa dim map mete koze nou deyò men, si nou pap gentan fè lopital la menm jan ak chinwa yo, pa dim se leta nap tann pou n fè espòt pou sansibilize pèp la.  Hein! Tonton Bicha? Nap tann kontra ? Nap tann prezidan Jovenel Moïse osinon Minis kilti ak kominikasyon an Pradel Henriquez rele nou pase siyen kontra, mete nou sou pewòl ?

Nan videyo Tonton Bicha sou rezo sosyal, nou wè granmoun nan ap mande Leta rive sou atis yo ! Wii fok Leta enplike atis yo men, fok atitid abolotcho a fini nan mitan sektè atis kite peyi m mache yo. Dayè nou wè jis kibo enpridans mete nou !

Dat nap manje crâne tet leta ! Dat nap fè tèt nou travay pou n chèche jwenn grapday nan men leta manfouben an nan tout okazyon !
Sa nou fè ak chèk kanaval ane a ? Konbyen lajan ki depanse pou oganize ti pwojè al fè chabyby ak Misty Jean al fè prezidan Jovenel Moïse danse nan palè ?

An menm tan kote Atis angaje yo ? Mwen konprann lè gen gwo lajan kap brase, leta pa angaje nou men, kontinye rete angaje pou sansibilize popilasyon pou n konbat ansanm CORONAVIRUS la

Kote bizisman ak konpayi ki konn enplike nan zafè kanpay elektoral yo, komsi eta dijans lan pa bay Leta pouvwa pou mande :
1- Konpayi yo pwodui banè pou sansibilize popilasyon an ak bonjan mesaj ki soti nan MSPP .
2- Majistra  yo pran dispozisyon ranplase banè piblisite yo an banè sansibilizasyon sou coronavirus.
3- Ansyen Senatè Foucand pote kle avyon li an bay DG OFNAC pou simaye flyers sensibilizasyon nan 4 kwen peyi a tankou jan sa fèt nan peryod kanpay elektoral .
4- Ti mesye konpayi sonorizasyon yo ki gen truck sound ki konn anpeche moun domi e pale nan telefon enplike nan kanpay sansibilizasyon nan tout peyi a
5- SOLA fon kanpe sou kominikasyon politik la pou yon titan

Leta se chwal papa se vre men Leta fèb sa ! Leta nou finn afebli sa ! Leta san eta dam sa! Leta nou patisipe nan mete berata nan menl pou l bay pitit li yo, bezwen pou yon fwa enplikasyon tout sektè nan tout domenn poun kwape pwopagasyon coronavirus nan peyi a. Sa pa ka tann! 

Pa panse si nou enplike nan kanpay sansibilizasyon an jan nou konn al kouri nan dèyè kandida nan peryod kanpay se Minis Pradel Henriquez osinon se Sant enfomasyon Pou Coronavirus (CIPC) la nap bay jarèt senpman. Nap fè gwo erè jijman !

ENPLIKE NOU MESYE DAME BIZISMAN AK ATIS NOU YO Nap sove plis moun e nap pèmèt coronavirus pa vinn fini ak ti rès pèp kap monte maswuife depi apre asasina anperè a.
Nap mande si toutbon nou deside aplike prensip swa nou asepte viv ansanm osnon nou deside mouri ansanm.
PA TANN LETA !
FÈ SA NOU GEN POU N FÈ PASKE CORONAVIRUS SE AFÈ PA TOUT MOUN

redactionanalyse@gmail.com

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    29 + 12 =