Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Billet d’un médecin-lecteur à Analyse Média depuis les Cayes

Bonjou Analyse Média

Mw sot gad videyo PM Ariel Henry ou pataje a kote lap di nan tout moun ki mouri yo, gen 2 kifè l mal anpil. M gen anpil tristès lè m gad videyo sa. Siman li dwe ap pale de Gabo ak manm Bouclier a?

HELAS

Sa fem konprann nou toujou gen komik nan Leta

Pandan map swete kanmenm bòn fèt ak lòt vil kap fete Nòtredam jounen 15 dawout lan, map raple se yon endikatè katolik depi sou tan lakoloni, vil sa yo te dedye a Nòtredam. Map site Okap, Okay, Tigwav avèk anpil lòt…

Analyse Média kè m kase lè yon lòt moso nan peyi nou kraze… moun mouri … moun blese… moun sanzabri… kay kraze… lopital konble.. pa gen san pou swaye blese…epidemi pral retounen pi rèd nan degwenn nou…

San bliye lekòl pral louvri…. tijèn map gade la yo sanlè ka granmoun anba tant… kò jèn medam yo pral drivaye pou plat manje, pou jwenn yon fetay kay pou pare lapli, yon bokit dlo pou mouye kò yo. Bagay la rèd !
Èske gwoudougoudou sa pral fè n bliye tout lòt koze ki ta dwe regle ? Se yon kalamite, gen sa ki di se yon malediksyon !

Ki lè soufrans nou ap bout ? Se pa lanati ki gen pwoblem nan, se nou menm wi.

Sa map viv la depi yè mw wè nou pa aprann anyen. 2010- 2021. 11 lane apre se menm pwoblèm yo, menm plenyen yo, menm mankman yo. 14 dawout te deja yon gwo dat istorik kontreman ak 12 janvye. Diferans lan nou te gen yon gouvenman ki mele m sou Preval, knnya nou gen yon gouvenman ki pa mele nan anyen, sinon kap pran dikte nan men BLAN.

Ann parye konbyen mèsi ki pral di nan non Ayiti pou lacharite ki pa p janm tonbe vre nan kwi sak pi mal yo. Swiv pou w wè moun ki pral  pase depi anlè pou al gonfle lajan èd yo nan kòf labank; oswa y ap mete sou kote pou y al sere anba kabann ak bank lotbò. Dapre wou pa gen moun ki kontan?

Mw pral antre lopital lan pou m kontinye ede moun ki nan bezwen. Nap travay depi yè ak zong nou. Pou lajan ki depanse pou sektè Sante a pandan Coronavirus lan, mw te panse kesyon gan, betadine, twal gaz, seringue pa tap LUXE ankò.

Mw pa regret mw vinn bay kout men kom se domèn mwen, avan m ale map mande kilè nap pran konsyans de sa ki ta pi enpòtan pou n fè si nou te renmen Ayiti tout bon vre ?

Map parye avew Ayisyen pa tap trennen nan eta sa. Se pa yon fatalite lè moun chwazi dirijan ki san koutcha men jiskilè sa ap rezoud.
Bon dimanch Analyse Média !
Bon dimanch kanmenm paske nou vivan epi kenbe fèm paske si nou tout ta bese lèbra, Ayiti pap disparèt non sou kat jeyografi a, men se pèp Ayisyen an k ap fin peri nèt ale nèt…

redactionanalyse@gmail.com

 

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    29 + 21 =