Spread the love
"/>

Associer RNDDH aux bandits et à la déstabilisation du pays?

Nan kominike biwo kominikasyon laprezidans met deyo pou voye dlo sal sou rapò RNDDH ki pale sou jesyon malfektè sekretè jeneral palè nasyonal Marie Elisabeth Régine Joseph HADDAD ak 9 manm CPT yo, Daniella Jacques kise responsab medya an liy Dofen News ki plis jwe wòl responsab kominikasyon olye potpawòl laprezidans rive pon n yon pil ponderasyon kom chif pou jistifye kominikasyon li an.

Pi lwen, Daniella Jacques an bon kreyòl nan avan denye paragraf la sanlè vle kalifye RNDDH kom òganizasyon BANDI nan kominike a kote l chwazi fè lyen entelijan ant moman vyolans popilasyon ap sibi ak rapò RNDDH. « peyi ap travèse yon gwo moman vyolans e popilasyon ap sibi anpil anba men BANDI TOUT KALTE…Lè yon rapò soti ak de chif ki pa egziste…rezilta se anvlimen lap anvlimen tansyon pou destablize leta a » sic.

Nou poko ka di kijan dosye sa ap fini men analiz nou sou paragraf 4 nòt biwo kominikasyon lapresidans montre swa Fritz Alphonse Jean ekri nòt pou lage chay sou biwo kominikasyon osnon politisyen KPT yo vle itilize madan Jacques pou fè Pierre konn jòj.

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*