Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

WOUKOUKOU ! Manbo Euvonie Georges Auguste.

Mambo Euvonie Georges Auguste, Sekretè Jeneral KNVA, travèse lòtbò dlo lavi a.

Mwen salye fanm vanyan sa, Sitwayèn konsekan sa, ki te kanpe tèt dwèt kòm fanm toutbon nan mitan kolonn gason ki te oblije rekonèt valè li kòm yon moun total kapital.

Sosyete Fanm avèk Vodouyizan pèdi yon michan konbatan.
Ayiti pèdi yon bon pitit fi djanm.

Vovo ! Se konsa m te konn rele w. Nou pap gen chans ankò pou chita ansanm, pou ekri yon tèks an Kreyòl, pou reflechi sou sitiyasyon fanm, sou eta peyi nou, sou plas vodou a nan sosyete ayisyèn nan.

Kè w te chaje lanmou pou fanmiy, pou peyi w, pou patizan w.

Ou pran devan, Vovo !
Na wè pi douvan!

Woukoukou Euvonie Georges Auguste !

Chantal Volcy Céant
23 Mas 2022

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    24 + 28 =