Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Referandòm/Nodès: Ansyen Senatè Bien-aime krache sou enstitisyon Polis la ?

Apre polis nasyonal poko menm finn dijere gwosè imilyasyon li pran nan men bandi nan kad operasyon 12 Mars lan, kote polisye ki mouri yo pat menm ka resevwa yon dènye omaj, anpil moun tap mande kote CNDDR pase e poukisa gwo zotobre yo te plis kontante yo sou cha blende a olye kò polisye yo. 

Nan yon videyo lawont kap simaye sou tout rezo sosyo nou remake ansyen Senatè Jean Baptiste Bien-aimé alatèt yon gwoup sitwayen kap tante antre nan yon espas kèk manm KEP itilize pou taye banda sou konstitisyon an nan Kad yon referandòm. Depi apre souflèt marasa KEP a finn resevwa nan men popilasyon Jean Rabèl depatman Nòdwès, nou konstate yon sitiyasyon kap anvlimen pi plis toujou kote manm KEP yo poko ka rive jwenn bon fòmil pou fè popilasyon an vale koze referandòm nan. 

Nan videyo sa, ansyen Senatè Bien-aimé, san respè pou enstitisyon polis lan, san respè pou fonksyon li te okipe nan peyi a pat rive jwenn vèb ak referans istorik Me Andalasse Mertilus yo nan Jean Rabèl, deside pran wout pwovokasyon, imilyasyon, tantativ koripsyon, rive menm souflete yon lot fwa ankò enstitisyon Lapolis lan lè l deside rale biyè lajan pou entimide polisye ki tap bay espas lan sekirite. 

« Menm si neg yo te baw mil goud, men al remet mil goud lan » !

Hélas ! Senatè Jean Baptiste Bien-aime a dwe rapidman prezante ekskiz li bay enstitisyon polis lan etou bay popilasyon Nòdès yo kite fèl rive Senatè konsa tou avan li twò ta, fok Prezidan an ak tout chèf gouvenman pou ti bout tan Claude Joseph chita e deside konbyen moun yap tann ki viktim pou pran yon desizyon pou Ayiti e kont entènasyonal nan nan zafè referandòm sa  kap mete nou nan yon sitiyasyon pi malouk e pi danjere.

redactionanalyse@gmail.com

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    1 + 21 =