Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

Livrezon Blende pa bato: Quand le bateau parait plus rapide que l’avion

6 blende konpayi INKAS te rete pou remet Ayiti yo pare depi 29 jen pase, selon Le Nouvelliste. Preske 2 mwa apre( 30 dawout) se pa bato Ayiti resevwa denye komand konpayi Inkas.
Aloske depi mitan mwa dawout lan, bagay lan konplike nan kafou fèy, Taba….
Enfomasyon sou kantite jou blende sa yo pran pou rive pa bato poko disponib e nou poko ka konprann poukisa se opsyon bato olye avyon ki chwazi pou livre 6 grenn blende. Kiyes nan otorite nan Leta ki asepte opsyon sa?

Menmjan ansyen PM Claude Joseph, Joseph Joute ak ansyen konseye Ardouin ZEPHIRIN poko deside bay eksplikasyon sou komand blende kite fèt depi sou Leon Charles lan, se menmjan tou nou poko ap konnen poukisa denye komand blende yo rive pa bato e non pa avyon.

Eske se pwoblem lajan? Eske se paske pat gen ijans pou livrezon sa? Eske se paske konpayi INKAS fache ak Ayiti? Eske tou se pou rezon sekirite osnon paske bato pi rapid pou rive Ayiti pase avyon ? Ou pa janm konnen ! Bagay Ayiti pa janm senp !

Sel yon palman ak bonjan palmantè ki gen odas Youri Latortue (nou poko we jan lap ka tounen) nan mennen ankèt kap ede nou fè limyè sou dosye blende sa yo. Konsa tou sèl si Lemoine Bonneau ta asepte retounen nan jounal Nouvelis nap kapab konnen carrière Sébastien Carrière (ansyen anbasadè Canada) fè nan zafè politik, nan koze fanm an Ayiti andedan sektè privé e nan koze pouvwa andedan Inivèsite Kiskeya kote bon zanmi l Jacky Lumarque ap dirije.

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    14 + 11 =