Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

ANAPPROSS: Si pèp la pa soulve kont Ariel se pa nou

Yon bawon nan sektè gaz lan pa mete dlo nan bouch li pou kritike kijan Pèp Ayisyen vil lach e pa aktif

Malgre BMPAD anonse sou Twitter nan dat 16 Janvye komkwa 255 000 barils gaz ap rive nan Thor ak nan Varreux, nou ka remake Tweeet BMPAD lan efase e kont Twitter Varreux pa janm anonse sa jan yo konn fe l avan yo. 

Ann swiv ! 

Bagay lan telman sispèk, Ambasadè Lafrans lan al chita petèt pou desann tansyon e rive kalme Moïse Jean Charles 

Se pa pou granmesi se nan denye moman net yo anonse PM nan pral nan CELAC nan peyi Argentine. 

Sa pou n konprann poukisa depi Jedi gen 135 000 baril Gazoline ak 120 000 baril Diesel ki antre malgre BMPAD efase Tweet yo epi tout ponp fèmen? Gaz lan pa vini vre osnon se taktik pou chanbade Ariel osnon fè presyon sou Boisvert pandan Ariel al vizite twofe koup di mond lan nan federasyon ajantin

Jan nou konstate l ti mesye gaz yo fè sa yo kapab pou soulve pèp lan men… yon bal pa pati 

Dram ki pase PetionVil kote 3 polisye jwenn lanmò yo sanble pa jwe anfavè ti msye gaz yo. Ariel sanble ap fimen yon bon sigarèt koz jiskaprezan msye rive gen kontwol 100% peyi a malgre gang pran peyi a 100%

Ki lot estrateji ti msye gaz yo ki gen BMPAD/ SG Primature/ Ministère Commerce ak towo ANAPROSS yo pral prepare pou rive itilize dosye gaz lan pou jete Ariel jan sa te fèt nan palè nasyonal pou te rive kapote Jack Guy LAFONTANT pou tèt li te two CLOSE ak Jovenel Moïse. 

Ann kontinye observe…

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    1 + 27 =