Spread the love
"/>
Header Ad

Categories

Most Viewed

17 Octobre, Assassinat de l’Empereur: MESSAGE DE LESLY CONDE

 
Chers concitoyens et amis de partout

Ane sa a, nap komemore 217èm anivèsè youn nan evènman ki pi tris epi ki kite pi gwo mak nan tout istwa peyi nou an. Depi jou ki te 17 oktòb 1806 la, jou bann lach yo te ansasinen papa nasyon ayisyèn nan, nou gen dwa di nasyon sa a te vire do bay desten chaje glwa ki te pou li a, epi li vin tounen yon mouton ki pèdi wout li tandiske patnè k ap dirije l yo pa janm vrèman montre byenveyans yo. Se vre nou pa kapab chanje listwa, men lè n ap gade kondisyon asasinay Janjak Desalin nan, nou paka pa imajine kouman nasyon sa a, nasyon nou an, te kapab fè yon pi bon chemen. Jou ki te 17 oktòb 1806 la, libète inivèsèl te pèdi youn nan alye ki pi sensè li janm genyen.  

À l’occasion du 217ème anniversaire du très malheureux événement que fut l’assassinat du père fondateur de la nation haïtienne, j’observe avec grand intérêt que le 17 octobre est aussi la journée mondiale du refus de la misère. Nous sommes ici en présence d’une coïncidence harmonieuse car le refus de la misère est un thème digne d’être associé à la mémoire du valeureux père de notre nation. La journée mondiale du refus de la misère est une initiative clairement socialiste qui se situe dans la même lignée que l’œuvre de l’homme qui dirigea la seule lutte victorieuse de l’histoire contre la misère et l’injustice de l’esclavage.

Apre defèt fòs esklavajis yo, Janjak Desalin te kanpe fèm pou l te pran defans ansyen esklav yo ki, dapre li, te merite libète avèk byennèt.  Nan nouvo peyi libète sa a, li te vle menm libète a avèk menm byennèt la pou tout moun. Sa vle di moun ki pa t gen anyen yo, moun paran yo te sou tè Lafrik yo, te merite bon bagay sa yo tou. Kidonk, anperè Jak premye te fè anpil gwo lènmi nan pami kamarad konba l yo akòz atachman l avèk filozofi tout moun se moun li an. Papa nasyon an te gen yon avans ni sou tan pa l la ni sou tan pa nou an. Yo ansasinen l epi tout kote sou planèt la, tout moun ki patizan jistis avèk libète, ap kontinye pouswiv bèl rèv li a.

Parler de la disparition de Jean-Jacques Dessalines seulement deux ans après que ce valeureux général eut conduit une armée d’esclaves à la victoire c’est évoquer une page de notre histoire qui occasionne tant de douleur et tant de regrets.

En effet, pour avoir été lâchement assassiné par certains de ses propres frères d’armes avant même de pouvoir établir les bases de sa toute nouvelle nation, Jean-Jacques Dessalines fut victime d’une double injustice. Il convient peut-être mieux de dire que notre nation est la grande victime car quand l’Empereur Jacques 1er disparut, sa vision aussi disparut. Les décisions qui furent prises après cet assassinat, contrastaient de manière flagrante avec la philosophie du père fondateur de la nation haïtienne. Cette philosophie préconisait le bien-être inconditionnel des héros inconnus qui avaient contribué, grâce à leurs sacrifices, à l’unique victorieuse révolte d’esclaves de tous les temps. Cette vision coûta la vie à Jean-Jacques Dessalines.  

Jodi a n ap selebre lavi yon potorik gason ki pa senpman yon ewo ayisyen. Desalin se yon ewo pou tout planèt la. Se yon gran jeni militè. Se yon defansè dwazimen anvan pawòl sa a te alamòd jouk li pèdi sans li. Gen anpil ewo ki jwenn anpil respè avèk admirasyon toupatou nan mond la paske gen istoryen ki raconte tout zak bravte yo avèk respè san manke okenn detay. Men ewo sa yo se anvayisè avèk konkeran yo ye. Yo onore yo paske yo te maspinen advèsè yo epi sezi teritwa yo.

Dessalines conquit la liberté. Et pour l’avoir vigoureusement défendue envers et contre tous, il fut assassiné.  

Aujourd’hui, la nation de Jean-Jacques Dessalines semble sombrer inévitablement dans le chaos et la destruction. Notre pays qui, au début de son existence, était une destination de rêve pour tous les êtres humains qui voulaient respirer l’air de la liberté, est maintenant au rang des pays auxquels personne ne veut appartenir.

Asasinay papa nasyon nou an montre nou ke rayisman te gentan pran plas lanmou libète nan kè anpil nan zansèt nou yo. Lè nou sispann renmen pwòp konpatriyòt nou akoz kondisyon ekonomik oubyen sosyal yo, nou tou pare pou nou trayi nasyon nou. Gen pitit Ayiti ki trayi Ayiti plizyè fwa. Jan mond sa a endiferan oubyen rayisab la, li pa p janm lonje men banou. Comme nos ancêtres, nous ne pouvons compter que sur nous-mêmes. Nous devons transcender nos préjugés et cette peur de la liberté afin de surprendre le monde … encore une fois.

Lesly Condé
Ex-Consul Général d’Haïti à Chicago
(26 août 2004-25 mai 2018)

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*

    Résoudre : *
    6 × 15 =