Spread the love
"/>

Yon pèp ki refize mouri malgre tout fòs k ap pouse l desann

Nan yon moman kote enstabilite vin tounen nòmal, kote enpinite ap vale teren, kote enstitisyon yo febli anba chay koripsyon ak vyolans, pèp Ayisyen an kontinye leve, chante, kriye, epi kwè.

Men konbyen tan yon pèp ka kenbe, lè tout fòs ki dwe pwoteje l ap trayi l ? Yon pèp ki refize mouri malgre tout fòs k ap pouse l desann!

Jenerasyon nou an pa bezwen liv pou konprann kriz la. Li viv li chak jou. Nou te temwen asasina yon Prezidan ki te sipoze anba pwoteksyon Leta. Nou sibi tranblemanntè k ap kraze kay ak espwa. Nou wè nèf chèf d Eta pou yon sèl Palè, kòm mak yon sistèm ki pè tèt li plis pase li renmen pèp li. Nou gade Leta k ap fèmen je sou zak kriminèl pandan li defann enterè kèk moun ki gen pouvwa ekonomik. Bandi ap trase teritwa tankou yo se katograf aloske enstitisyon yo ap aji tankou envite nan pwòp teritwa yo.

Nan mitan tout sa, yon bagay parèt klè: pèp la se premye viktim batay tout aktè pouvwa ap mennen.

Politisyen ki sipoze defann li ap itilize pèp la kòm echèl pou monte, e lè yo vle desann. Polis la, ki ta dwe reprezante sekirite, souvan montre fòs sèlman devan moun ki pi frajil yo. Gwoup ame yo sèvi ak popilasyon an kòm boukliye nan konfli yo. Oligak yo kontwole mache a, peze ekonomi an, epi peze pèp la tou. Kominote entènasyonal la souvan jwe jwèt enfliyans kote pèp la se pyès ki pi fasil pou deplase.

Sa ki pase 18 novanm nan se pa yon evènman espòtif sèlman. Se te yon eksplozyon emosyon nasyonal, yon repons pèp la bay tout fòs ki ap eseye kase lespwa li.
Malgre grangou, malgre kè sote, malgre laterè, pèp Ayisyen an leve kanpe pou selebre kalifikasyon Ayiti pou Koup Dimond.

Se te yon mesaj senp nou bouke soufri, men nou pa bouke espere.

Opinyon mwen senp : tout fòs ki kont pèp la dwe reprann konsyans. Pèp Ayisyen an se pa yon obstak, se pa yon pwa se fondasyon sosyete a, se li menm ki pote n sou do l depi plizyè deseni. Pèp sa mande sèlman sekirite, respè, dwa pou viv yon lavi ki merite non “lavi”. E se la nou poze gwo kesyon an: si batay politik, diplomatik, ekonomik ak teritoryal sa yo pa fèt pou pèp la pou kiyès yo fèt ?

Anténor Wilfrid

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*