Kreyòl la merite plis pase yon jounen pwovèb
Depi plizyè lane, an Ayiti, nou prèske toujou selebre lang kreyòl la menm jan an : kèk pwovèb, kèk ekspresyon popilè, kèk bèl fraz sou rezo sosyal, epi apre sa, nou tann yon lòt ane pou nou pale de kreyòl ankò. Se tankou nou vle fè konprann kreyòl la se sèlman yon lang pwovèb ak pawòl granmoun. Se yon fason twò limite pou nou prezante yon lang ki pote lavi, panse ak idantite yon pèp antye.
Sa ki pi grav la, se lè nou jwenn menm pratik sa a nan mitan kèk inivèsitè, entèlektyèl ak enstitisyon. Olye nou pwofite okazyon an pou nou pale sou evolisyon lang lan, refòm li yo, òtograf li, literati li ak kapasite li genyen pou sèvi nan lasyans, teknoloji, dwa, medsin, ekonomi ak rechèch, nou kontinye vire nan menm wonn pwovèb yo. Kreyòl la merite plis pase sa.
Sou plan syantifik, kreyòl ayisyen se yon lang natirèl konplè ki genyen pwòp sistèm fonolojik, mòfolojik, sentaksik ak semantik li. Sa vle di li gen règ sou fason son yo òganize, fason mo ak fraz konstwi, ansanm ak fason yo transmèt sans. Menm jan ak nenpòt lòt lang, li kapab sèvi pou konstwi rezònman, eksplike konsèp abstrè, transmèt konesans syantifik epi devlope yon vokabilè teknik. Kidonk, pwoblèm nan se pa kapasite kreyòl la kòm lang; youn nan gwo defi yo se devlopman ak difizyon terminoloji espesyalize, materyèl akademik ak zouti pedagojik an kreyòl.
Fòk nou pale tou sou baryè ki toujou kanpe devan lang kreyòl la. Baryè nan edikasyon, nan administrasyon piblik, nan inivèsite ak nan plizyè enstitisyon peyi a. Gen yon gwo kontradiksyon lè majorite pèp la pale, panse, priye, diskite ak viv an kreyòl, men anpil konesans toujou ap transmèt nan yon lang yon pati nan popilasyon an pa metrize menm jan. Sa ka kreye yon distans ant lekòl ak elèv, ant Leta ak sitwayen, ant konesans ak moun ki bezwen konesans lan.
Nou dwe sispann fè kreyòl la tounen yon senp dekorasyon kiltirèl. Fòk kreyòl la antre pi fon nan inivèsite, nan rechèch, nan tribinal, nan administrasyon piblik, nan syans ak nan teknoloji. Imajine yon jenerasyon etidyan ki kapab aprann matematik, biyoloji, enfòmatik, ekonomi ak lòt disiplin ak bon jan materyèl syantifik an kreyòl. Sa mande travay sou terminoloji, tradiksyon, piblikasyon, rechèch ak fòmasyon pwofesè.
Yon lang pa vin pisan sèlman paske nou fete li; li vin pi solid lè nou sèvi avè l pou nou panse, anseye, fè rechèch, kreye epi transmèt konesans. Se poutèt sa selebre kreyòl pa dwe sèlman vle di : « Men yon bèl pwovèb kreyòl. » Nou dwe rive poze vrè kesyon an : Ki plas nou vle bay lang kreyòl la nan edikasyon, nan syans, nan teknoloji, nan Leta ak nan devlopman Ayiti?
Kreyòl la pa sèlman lang pwovèb. Se lang panse, lang syans, lang edikasyon, lang teknoloji, lang Leta ak lang devlopman. Si nou vle bay kreyòl la valè toutbonvre, fòk nou sispann sèlman fete li. Fòk nou etidye li, devlope li epi sèvi avè l.
redaction@analyseht.com





