Spread the love
"/>

Boulva Okap la yon boulva pou boujwa ?

Tèks sa a pa gen okenn pwoblèm ni ak fèt, ni ak bal, ni ak sware k ap fèt sou Boulva Okap la. Okontrè, aktivite kiltirèl ak lwazi yo fè vil la viv, yo bay popilasyon an yon espas pou respire, pou pran plezi. Pwoblèm nan pa fèt la. Pwoblèm nan se kesyon otorizasyon, legalite ak itilizasyon espas piblik pou lave lajan e kreye richès pèsonèl.

Nan dènye jou sa yo, popilasyon an poze yon kesyon senp men fondamantal èske ekip ki monte gwo stann sou Boulva Okap la pou òganize sware peyan jwenn otorizasyon lameri ? Si repons lan se wi, pa gen pwoblèm. Men si repons lan se non, nou oblije di sa klè se yon gwo dezòd, e se yon pratik ki pa dwe tolere nan yon vil ki vle òganize.

Boulva Okap la se pa yon tè prive ni yon lakou pèsonèl. Se yon espas Leta, yon wout piblik ki fèt pou sikilasyon, sekirite ak enterè kolektif. Nenpòt patikilye ki bloke wout sa a, ki monte estrikti lou, epi ki òganize aktivite kote moun peye pou antre, ap fè yon itilizasyon prive yon byen piblik. Sa pa ka fèt san pèmi ekri, san peman dwa okipasyon espas piblik, san kad legal.

Lè sware sa yo fèt san otorizasyon, lajan ki ranmase a antre dirèk nan poch òganizatè yo, pandan vil la benefisye fatra yo. Okap pèdi sou tout plan, li pèdi nan lòd, li pèdi nan imaj, li pèdi nan resous finansye ki ta dwe ede sèvis minisipal yo fonksyone. Li pa nòmal pou nenpòt moun itilize espas Leta pou lave lajan san okenn kontwòl, san okenn retou pou kominote a.

Pi grav toujou, se lè lalwa ap itilize kont lòt kategori. Ti machann yo chase, ti estrikti yo kraze, men lè se gwo stann, gwo sware, tout bagay nòmal. Atitid sa a voye yon mesaj danjere sa depann de kiyès ou ye, se konsa lalwa aplike. Se konsa dezòd enstale, se konsa otorite pèdi kredibilite yo.

Okap pa ka devlope nan anachi. Pa gen vil modèn san règ, san transparans, san respè pou espas piblik. Fèt pa pwoblèm. Bal pa pwoblèm. Pwoblèm nan se ilegalite. Si gen otorizasyon ak peman, sa dwe klè ak vizib. Si pa gen otorizasyon, epi yo fè sa an gwo ponyèt, se yon gwo dezòd, e Leta dwe pran responsabilite li. An bout liy, kesyon an rete senp. Respè espas piblik se respè vil la. Lè lalwa respekte, Okap grandi. Lè lalwa neglije, Okap pèdi.

redaction@analyseht.com

Spread the love

    Leave Your Comment

    Your email address will not be published.*