La Fifa a ouvert vendredi une procédure contre la Fédération irlandaise au sujet de la présence d’éléments rappelant le soulèvement de 1916 sur le maillot de son équipe en mars dernier lors d’un match amical, a indiqué l’instance qui proscrit tout message sur les maillots des équipes nationales. Cette déclaration avait été faite en 2018 par le président de la FIFA de l’époque.
Kontradiksyon se youn nan mekanis ki pi pwofon nan fonksyonman sosyal pèp ayisyen. Li parèt nan fason n ap konstwi diskou nou, nan fason n ap bati senbòl, epi pi souvan toujou, nan fason n ap detwi sa nou menm nou fin bati. Nan analiz syantifik konpòtman kolektif, fenomèn sa rele auto-sabotaj social, kote yon gwoup gen tandans pwodui konfli entèn ki vin pi fò pase menas ekstèn yo. E sa toujou rive nou nan moman ki ta dwe moman sere kole, espesyalman lè yon viktwa nasyonal ta dwe sèvi kòm faktè estabilizasyon emosyonèl ak sosyal.
1. Analiz istorik: modèl repete nan destabilizasyon entèn
Yon gade nan listwa montre modèl repete kote moman fò Ayiti yo, olye yo sèvi kòm pilye inite, li tounen sous kraze-brize.
Apre batay 18 novanm 1803, nasyon an pa t menm rive konstwi yon faz konsolidasyon. Anndan menm elit militè yo, yon “koken” pete, ki fini pa asasina Jean Jacques Dessalines. Nan syans politik, yo rele sa crise de succession et fragmentation élitaire, yon modèl ki rete vivan jiska jounen jodi a.
Se poutèt sa, nan kontèks aktyèl la, pa t ap gen anyen etonan si aprè kalifikasyon Grenadye yo, gen aktè ki ta chèche fabrike konfizyon pou diminye efè pozitif la. Se yon lojik déstabilisation symbolique, trè komen nan peyi kote estrikti leta yo fèb e kote aktè enfòmèl yo gen gwo pouvwa.
2. Deba sou mayo a, vèvè a ak kilti a: yon faux-débat programmé
Nan kesyon ekipman Grenadye yo, anpil diskisyon ap fèt sou prezans oswa absans yon vèvè. Men syantifikman, se pa vèvè a menm ki nan sant pwoblèm lan. Pwoblèm nan se manipulation discursive, kote aktè yo itilize yon senbòl pou pwovoke divizyon emosyonèl. Nan syans relijyon ak antropoloji, nou fè distenksyon ant:
Senbòl kiltirèl (ki fè pati eritaj yon pèp),
Senbòl relijye (ki gen fonksyon adorasyon),
Senbòl politik (ki gen fonksyon pwovokasyon oswa mobilizasyon).
Nan pifò peyi modèn, konfli ant kategori sa yo deja regle:
* pou kretyen, libète relijye regle kesyon sa lontan;
* pou adep vodou, yo konnen tou manipile vèvè sou yon mayo nasyonal kapab sèvi kòm pwovokasyon.
Se poutèt sa FIFA pa aksepte okenn senbòl ki kapab entèprete kòm relijye, ideyolojik, oswa pwovokan. E se nan kad prensip sa a Prezidan FIFA an 2018 te raple ke “tout mesaj sou mayo nasyonal proscrit.”
Sa vle di, kesyon nou ap fè an Ayiti a pa yon eskandal nasyonal: se yon norme internationale de neutralité symbolique.
3. Pwoblèm lan pa mistik: li se yon maladi sosyal
Youn nan pi gwo erè nan diskou piblik nou se asosyasyon siksè ak mistik. Lè nou prezante kalifikasyon Grenadye yo kòm rezilta “mysticisme”, nou fragilize pwòp valè travay, disiplin, ak estrateji antrènman jèn sa yo. Nan syans sosyolojik, sa rele dévalorisation du mérite par explication surnaturelle. Efè sa gen de konsekans grav:
1. li diminye prestij atlèt yo;
2. li kreye yon boukliye emosyonèl pou demobilize nasyon an. (Se konsa propagand fonksyone yo fabrike yon pwoblèm ki pa egziste pou mas la batay youn kont lòt, pandan mizè reyèl yo pa jwenn solisyon)
3. Chwa ki devan nasyon an: rasyonalite oswa emosyon kolektif
Ayiti gen yon kantite danje ki depase deba sou yon senbòl: ensekirite, povrete, disfonksyon leta, migrasyon an mas, pèdi souverènte lokal. Yon nasyon ki ap fè fas ak danje sa yo pa ka kite tèt li tonbe nan pwovokasyon simbolik. Sa nesesè pou nou rebalanse konpòtman nou epi bati yon konsepsyon rasyonèl de tèt nou. Sa vle di:
- Si se lajan, remèt li ak diyite epi pa kite l sèvi pou divize nou.
- Si se pwav, vide dlo lanmou patryotik la sou li, netwaye tèt nou, konsyan moun ki ap chèche mete dezòd la se sila ki pè wè Ayiti vanse.
Analiz la montre klè:
– deba sa a pa konsène mistik;
– li se yon estrateji pou fragilize espwa nasyonal;
– modèl la repete depi 1804 rive 2025;
– repons entèlijan se pa divizyon, men kowòdone, rasyonalite, epi rekonesans merite atlèt yo.
Ayiti nan mondyal: menm si nou ta sou teren an do tou touni, pa gen okenn vèvè, okenn pwav, okenn senbòl ki pral anpeche pèp la danse. Siksè sa a se travay, se talan, se entèlijans atlèt yo, e se yon fenèt pou nou reprann respè mond lan si nou jwe kat nou byen.
Antenor Wilfrid





